20 fevriye 2026, nan Otèl Comfort Plus, Okap Ayisyen, OPLEH te pran plas li nan Atelye rejyonal sou refòm nan sistèm edikatif ayisyen an. Se yon demach Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl MENFP HAITI Officiel ak sipò UNESCO Haïti, pou repanse avni lekòl nan Peyi a.
OPLEH te reprezante pa Kowòdonatè li, William Clervil,, ki te pote vwa òganizasyon an nan espas refleksyon sa a.
Nou te patisipe aktivman nan yon echaj sou tèm sa : <<Byennèt Elèv ak Amelyorasyon Anviwònman Pedagojik>>, yon chwa ki mete moun, diyite li, ak devlopman li nan sant aksyon nou epi ki an amoni dirèk ak misyon OPLEH.
Refòm nan prezante tèt li kòm yon pwojè ki chita sou valè fondamantal tankou respè, ekite, angajman, responsabilite, patriyotis, ak lòt prensip ki ta dwe gide lavi nasyonal. Nan yon sans jeneral objektif refòm nan se ofri pitit nasyon an yon edikasyon ki reflete idantite li kòm pèp, yon edikasyon ki fèt nan lang manman li ak papa l.
Nan pwopozisyon ki mete sou tab la :
Edikasyon an ta kapab fèt an kreyòl nèt, oswa an kreyòl jiska twazyèm sik fondamantal, epi an fransè soti nan Segondè 1 rive Segondè 4.
Sa yo se chwa estratejik ki mande anpil refleksyon, anpil klate, epi sitou anpil preparasyon.
OPLEH felisite inisyativ konsiltasyon sa a. Nou kwè li enpòtan pou tout aktè yo patisipe nan bati refòm nan. Men, angajman pa dwe limite ak bèl deklarasyon. Se sa k fè nou soulve kesyon sa yo :
— Èske sistèm nan pare pou aplike vrèman yon refòm lengwistik ak pedagojik konsa ?
— Èske pwofesè yo pral jwenn fòmasyon solid ki nesesè ?
— Èske ap gen zouti didaktik ki disponib an kantite ak an kalite ?
— Ki dispozisyon konkrè pou garanti byennèt reyèl elèv yo, pa sèlman nan diskou men nan lavi chak jou lekòl yo ?
Refòm pa senpleman yon dokiman ki ekri epi bay direksyon. Men tou, li se yon chanjman kiltirèl, enstitisyonèl ak pedagojik ki mande planifikasyon serye, mwayen, ak suivi.
OPLEH rete angaje pou akonpaye tout demach ki vize amelyore sistèm edikasyon an, men nou ap kontinye pote yon vwa vijilan, responsab ak kritik konstriktif, paske avni timoun yo ak avni peyi a merite plis pase senp entansyon.
Refòme edikasyon an, se refòme fason nou konprann tèt nou kòm pèp.
#RefòmEdikasyon
#ByennètElèv
#LangKreyòl
#OPLEH
#EdikasyonPouLavi
